Ale nan kontni an

ByentoPOCHANM poko disponib pou piblik la. Aplikasyon an ap rive byento.

POCHANM

Konsènan POCHANM

POCHANM se yon pòtfèy elektwonik ayisyen, an goud ak an dola, Steven Plaisival kreye pou Ayisyen jere lajan yo fasil sou telefòn yo.

Fondatè a

Steven Plaisival

Fondatè ak CEO POCHANM

Steven Plaisival se fondatè ak CEO (direktè jeneral) POCHANM. Se li ki kreye sit pochanm.com ak aplikasyon mobil POCHANM.

Li kreye POCHANM ak yon objektif senp: bay chak Ayisyen yon fason rapid, klè e sekirize pou voye, resevwa ak kenbe lajan, an goud kou an dola, dirèkteman sou telefòn li.

Misyon nou

  • Fè sèvis finansye dijital yo aksesib pou tout Ayisyen.
  • Konekte POCHANM ak zouti moun deja itilize yo (MonCash, NatCash), pou mete ak retire lajan san konplikasyon.
  • Montre frè yo klèman anvan chak operasyon, epi pwoteje chak operasyon ak PIN oswa biyometri.